Ayisyen yo pa pyon politik nou: Fok rayisman sa sispann
Kom kominote mondyal ki rasinen nan lit kont vyolans sou moun ke Pèp ayisyen an ap sibi, abandon li yo, inegalite li ap sibi nan nivo sante, nou fache ak enkyete pou nivo rayisman sa ki dewoule nan Springfield Ohio epi ki al pale plis nan deba elektoral amerikan jou Madi 10 Septanm 2024 la.
Atak chef blan sa yo paka konsidere tankou yon evenman izole akoz long istwa politik ak aksyon malonet ke nou wè tout ane pase yo pou destabilize, kontwole et rann pòv kominote ayisyen an. Ayisyen k ap kite peyi yo an mas pou ale Etazini komanse nan lane 1950, plizyè dizèn lane apre Lokipasyon amerikan nan peyi a, kote lapè ak kè sote te fè lalwa an Ayiti sou diktati François Duvalier ke amerikan t ap soutni.
Depi lè sa, nou wè ayisyen yo ki ap pran tout risk pou yo al chèche lavi miyò lot kote paske gwo pisans kolonyal yo dechèpiye tout sa ki lakay yo ak sou bout tè pa yo. Yon paket pisans ki piye resous yo, kontwole ekonomi yo, manipile dirijan politik yo, men Ayisyen yo kontinye lite, yo afwonte danje nan lanmè, mòn ak rak bwa pou yo chèche yon lavi ki ka reponn ak bezwen yo. Ayisyen se yon Pèp fò ki kontinye ap tann reparasyon pou pinisyon kolektif yo sibi paske yo te premye Pèp nwa ki te pran libète ak senbòl ke liberasyon sa reprezante nan mond lan.
Pi resan, 5 Septanm ki sot pase la, Anthony Blinken, vini Ayiti pou fè presyon nan favè yon lot fòs pou mete lapè ke Loni t ap voye. Se pa yon koyensisdans si, aloske se sou menm preteks misyon pou Lapè sa Amerikan te debake vin okipe Ayiti deja, konya rayisman kont moun nwa rekomanse anko nan deba sou koze eleksyon nan peyi Etazini. Nou paka konsidere sa tankou yon diskisyon nan mitan 2 pati, ni nou paka konsidere l tankou yon ka izole.
Nan moman sa yo nou dwe ranfose konsyans kolektif sou zak sa yo ki se aksyon volontè chef blan yo ap fè. Diminye mounite nou ak derasinen nou se fòs konializasyon.
Menm imaj sovaj y ap bay sou ayisyen nan kominote ak nan media yo jodya se menm imaj sa yo te sèvi ak Li pou mete ayisyen nan lesklavaj ak, pita tou, pou Lafrans ak Etazini te enstale yo an Ayiti.
Depi lè chèf blan yo te kale ayisyen ak fwèt anba pon Texas la, kanpay kont Rasis EqualHealth la te komanse senbilize sou rayisman kont moun mwa ki se pilye fondamental endistri migrasyon nan Etazini. Yon sistèm ki ap apiye krim yo fè sou migran epi pemèt istwa sa yo gaye rapid vit nan medya.
Nou konnen istwa sa yo k ap pase semèn sa yo se pa menm ke sila ki repete nan rezo sosyo yo men se menm estrikti ki ap fini volontèman ak lavi migran ayisyen ak nan tout lot kominote moun nwa yo.
Jan Ruth Wilson Gilmore anseye nou,
Rasis, spesyalman, se se sanksyon ak esplwatasyon, ke leta dako oubyen li pa legal, ke yo itilize pou mennen pi vit nan lanmò selon gwoup moun yo vle vize a.
Nou mande pou nou tout pran responsabilite nou nan istwa sa yo. Nou dwe aji nan solidarite pou soutni demand migran yo k ap lite chak jou kont pratik rayisman kont moun nwa yo nan enstisyon ak kominote nou yo. Pou nou menm nan kanpay kont rasis EqualHealth la, demand nou yo rete klè.
Klike sou lien sa si w vle li oubyen sipò demann nou yo isi a: Pesonn pa lib toutan Ayiti pa lib https://www.equalhealth.org/news-resources/2023-haiti-statement